top of page

ABOUT

Anchor 1

Jean Max Louissaint (Ralph Laurent)  te pran nesans nan ane 1976 nan peyi Ayiti, depatman Nippes. Nan ane 1989 li te cerf-volant rejyon natal li pou l'al viv nan Pòtoprens, soti nan laj adolesans li jouk rive jodia. Se la li ta pral fè tout etid primè, segondè li. De 2012 a dat, Ralph Laurent ap viv nan peyi Etazini kote malgre distans ki separe li avèk Ayiti, peyi li, li toujou rete atache a rasin li ak goumen pou yon Ayiti nouvo pou tout Ayisyen, san diskriminasyon ak patipri.

Jean Max Louissaint (Ralph Laurent) se yon patriyòt Ayisyen ki kwè nan travay, reedikasyon pèp Ayisyen ak tèt ansanm pou yon Ayiti lib, endepandan ak demokratik tout bon vre. Yon nonm ki kwè se MOUN ki fè PEYI, PEYI pa fè MOUN. Yon aktivis patriyòt ki kwè sèl espwa Ayiti se Ayisyen.  

Jean Max Louissaint (Ralph Laurent) se dit defansè LA VERITE ak diyite peyi nou, Ayiti, nan enterè tout Ayisyen. Ralph Laurent vous analis ekilibre ki gen yon sèl apatenans politik ki se AYITI. Se yon ennmi divizyon ak chire pit ant Ayisyen ak Ayisyen. Ralph Laurent se vwa anpil nan san vwa yo an Ayiti.

bottom of page